Lapolis nan Sidès arete Osvaldo Mardy nan yon otèl sou wout Zoranje nan vil Jakmèl 20 septanm 2026. Selon nòt PNH la, nonm sa a itilize platfòm rezo sosyal yo, TikTok an patikilye sou non Marjory Toussaint pou fè chantaj sou fanm ak gason. Osvaldo itilize foto ak videyo entim moun li di li genyen yo pou l fè lajan kote yo peye l sou moncash, biwo transfè ak Zelle. Misye kòmanse fè aktivite sa a depi an 2024 e selon sa l di fòs lòd yo, li deja ranmase prèske 1 milyon goud nan men moun li fè presyon sou yo.
Lapolis mande popilasyon an pou l pa sispann denonse chantaj ak menas epi tout fòm vyolans seksyèl l ap fè fas ak yo.













