2 ajan SWAT pèdi lavi yo sou plas pandan gen lòt ki ale lopital nan fen jounen madi 19 dawout 2025 lan nan komin Kenskòf. Sa rive aprè yon dwon fin eksploze sou polisye sa yo ki te baze yo nan Kafou Mawoka, kote ekip sa a toujou ye pou anpeche teworis yo antre nan vil la. Aksyon sa a lage anpil konfisyon ak endiyasyon nan mitan inite espesyalize sa a an patikilye men sou kò polis la an jeneral.
Jiskaprezan komin Kenskòf rete nan gwo fènwa fas ak menas ki plane sou li yo.




















