Bazile Richardson ki gen ti non sa yo: “Fred Lion, Leo Danger, Lepè Blode, Fredo pa m” nan men lajistis amerikèn nan distri Columbia. Misye pran plezi l volontèman nan voye lajan bay chèf gang viv ansanm lan nan e selon Tribinal la, misye vyole lwa sou pouvwa ekonomik entènasyonal yo. Yo jwenn yon mesaj vokal kote misye ap di e n ap site: “m paka pè di chèf gang nan se zanmi pwòch mwen”.
Prèv yo ap vini de tanzantan pou montre kòman gen moun nan dyaspora a k ap bay teworis yo jarèt.




















