Yon zak vyolans ki bay gwo kè sote rive nan zòn Bwa Jira, nan komin Pòsali, depatman Sid. Pastè Kerson Caseau, yo rele Sonsonn, ta jwenn lanmò li andedan yon tanp Ame Selès. Daprè enfòmasyon Le Cayen Média pataje, yo koupe tèt pastè a pandan li te andedan tanp lan. Pou moman an, moun ki ta dèyè zak la poko idantifye.
Sikonstans egzak lanmò a ansanm ak mobil krim nan poko klè. Otorite yo poko bay detay ofisyèl sou dosye a.













