Wilner Joseph, pwòch Alix Didier Fils-Aimé epi kandida pou prezidan vekse akoz kritik l ap resevwa aprè deklarasyon l te fè sou lye nesans Papa Nasyon an semèn pase a. Nan yon entèvansyon li fè, Wilner Joseph di jounalis k ap kritike l yo se yon bann “gang a plim”. Yon deklarasyon ki montre kandida a pa metrize komikasyon l lè l ap pale.
Sèlman tout moun ki konn listwa yo konnen Desalin pa fèt Gonayiv.













