Vyolans sou fanm, yon zak ki repete anpil nan sosyete ayisyèn nan

haitinewstv.com

Vyolans sou fanm, yon zak ki repete anpil nan sosyete ayisyèn nan

Sherley Monfort mouri asasinen ak kout kouto nan dat 31 desanm 2020. Se mennaj li Zenden Cherestal ki poze zak malonèt sila a. Sherley pa premye ni li p ap dènye fi ki sibi zak malonèt sa yo. Dayè youn nan gwo pwoblèm ki gen an Ayiti, anpil fi ki sibi vyolans konjigal toujou gen difikilte jwenn jistis.

Yo se plizyè fanm nan sosyete a ki souvan sibi zak malonèt sa yo kote mennaj ou mari yo bat yo jan yo vle, pafwa menm rive touye yo. Lis la long anpil men n ap oblije site kèk non.

Ginoue Mondésir, se youn nan fi nan peyi a mari l touye l yon 24 desanm, men l poko janm jwenn jistis. Malgre lajistis te gentan mare Valdo Jean, tranbleman tè 12 janvye a ta pral jwe an favè l, kote l te sove. Jis jounen jodi a yo poko janm jwenn li ankò.

Juslène Jean Charles, yon ansyen anplwaye yon bank nan kapital la, ta pral pèdi lavi l aprè l te fin sibi vyolans nan men konjwen li Emmanuel Dieujuste ki se avoka epi pwofesè. Juslène mouri kite yon ti pitit fi ki p ap janm ka wè l ankò.

Natacha Rhau, yon sèvant epi manman 3 pitit, ta pral pèdi lavi l Kay-Jakmèl apre mari l te fin rache l ak manchèt.

Marlène Colin, manman yon ti fi, ta pral pèdi lavi l 3 me 2018, aprè mari l te fin ba l plizyè kout kouto nan vil Jakmèl.

Haïti News rive kolekte foto tout viktim sa yo gras a Luc Mathson Augustin.

N ap raple si chak gason ki bat oubyen touye yon fi lajistis aji jan lalwa di, gen posibilite pou zak malonèt sa yo poze mwens nan sosyete a.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Gen 531 moun ki mouri nan kòmansman 2023 a an

531 moun tonbe anba bal, 300 lèzòt blese e 280 kidnape. Se chif sa a Wo Komisarya Nasyon Zini pou

Bal mawon yo kontinye retire lavi moun

Etidyan Lekòl Nòmal Siperyè Tchadensky Jean-Baptiste pèdi lavi l jodi madi 21 mas 2023 a sou kabann lopital. Jèn etidyan

Lajistis dominikèn mete 3 gwo chabrak anba Kòd

Gonzalo Castillo, Donald Guerrero, José Ramon Peralta se non 3 ansyen minis sou administrasyon ansyen prezidan Danilo Medina a. Lapolis

Lajistis retire manda pastè Forge ak pastè Bataille la

Nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la, jodi lendi 20 mas 2023 a, jij Voltaire tande pastè Gérald Bataille ak

Leta pèdi kontwòl peyi a, pawòl minis Jistis la

“Nous avons des territoires perdus”, selon sa madam Emmélie Prophète Milcé ki se minis Jistis ak Sekirite Piblik peyi d