Chèf gang Vitel’homme Innocent, lidè gang Kraze Baryè a, fè pati 30 moun otorite jidisyè amerikèn yo akize nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse, daprè sa jounalis Jacqueline Charles ekri nan Miami Herald. Enfòmasyon sa a vini pandan otorite amerikèn yo ap fè avanse pwosedi jidisyè nan dosye a. Dimanch 20 septanm 2026, 18 sispèk ki te nan prizon ann Ayiti, pami yo 17 ansyen sòlda kolonbyen ak Joseph Félix Badio, te transfere Ozetazini pou yo fè fas ak lajistis nan Florid.
Dapre rapò Miami Herald, Vitel’homme Innocent pa pami 18 moun ki te transfere Ozetazini dimanch lan. Non li parèt nan lis 30 moun otorite ameriken yo deja akize nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la.













