UNESCO an Ayiti ak ISPAN òganize plizyè atelye sansibilizasyon nan Milot, Quart-Milot ak Choiseul pou ankouraje pwoteksyon Pak Nasyonal Istorik Sitadèl, Sans-Souci, Ramiers, sèl sit ayisyen ki sou lis Eritaj Mondyal UNESCO.
Patisipan yo te pale sou risk tankou inondasyon, glisman tè ak tranblemanntè, pandan yo mete aksan sou wòl kominote yo nan konsèvasyon youn nan pi gwo senbòl listwa Ayiti yo.





















