Alix Didier Fils-Aimé pran avyon pou al patisipe nan 50e reyinyon chèf Leta ak gouvènman Caricom yo. Minis zafè etranjè a, Jean Harvel Jean-Baptiste pa nan vwayaj sa a paske l kapab revoke selon pawòl k ap pale. Se Guerly Leriche, konseye espesyal PM defakto a ak Raina Forbin, manm kabinè l ki ale avè l.
Aprè blan an fin mete l nan plas KPT a, mouche Alix Didier Fils-Aimé fè premye vwayaj li.





















