Tchad voye yon nouvo kontenjan 350 sòlda pou rejwenn GSF la an Ayiti, nan kad deplwaman peyi a nan fòs entènasyonal la. Daprè enfòmasyon ki soti nan sous tchadyen yo, kontenjan 350 sòlda sa a te kite N’Djamena, kapital Tchad, vandredi 18 septanm 2026, pou vini Ayiti. Dat y ap rive Ayiti a poko fikse.
Nouvo deplwaman sa a fèt pandan GSF la ap kontinye ranfòse prezans li ann Ayiti pou sipòte efò kont gwoup ame yo. Tchad te angaje pou mete jiska 1,500 pèsonèl disponib pou GSF la.













