Chèf Leta ameriken an fè deklarasyon sa yo ayè madi 2 desanm nan aprè yon rankont ak manm kabinè li yo nan Mezon Blanch lan e li te fè referans ak yon depite Minnesota ki se Ilhan Abdullahi Omar. Li gen orijin Somali. Selon Trump moun sa yo pa vin regle anyen Etazini.
Donald Trump ajoute pou l di se pou yo retounen kote yo sòti a.
Menm moman a, ajan federal yo lanse yon operasyon nan Minnesota ak Minneapolis pou chache somalyen ki pa gen papye.





















