Pandan l ap jwe wòl prezidan CARICOM nan moman an, Terrance Drew ki se prezidan Sen Kits ak Nevis deklare piblikman, peyi li a pare pou akeyi migran Etazini mete deyò, sèlman ayisyen ki pa dwe ladan l. Pandan CARICOM pretann l ap ede Ayiti jere kriz politik li ladan l lan, nan reyalite a, se pa sa k ap fèt.
Si Ayiti se pat vagabon ki t ap dirije l, Sen Kits ak Nevis te dwe jwenn yon repons diplomatik ki menm wotè ak sa l di a.





















