Selon sa jounal Miami Herald revele, se Reuven Bigio, PDG Gwoup Bigio ki mennen Eric Prince nan peyi d Ayiti. Sèlman, pou yo rann desizyon sa a ofisyèl, yo sèlman itilize aparèy Leta a ki toujou an favè yo pou yo fè sa. Kontra 10 lane sa a Eric Prince siyen ak Leta ayisyen an, se yon kontra ki trè sispèk.
N ap raple se Gwoup Bigio ki responsab Asyeri d Ayiti ak Pò Lafito, san konte lòt biznis ankò.





















