Daprè temwayaj ajan espesyal FBI Jacqueline Valdez madi 6 oktòb 2026 la devan Tribinal Federal Miami, Samir Handal te envesti 4 milyon dola nan operasyon ki te mennen nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Nan analiz telefòn Antonio Intriago, responsab CTU, Valdez di li te jwenn enfòmasyon sou plizyè lòt gwo envestisè, pami yo Larry Chadwell ak Frederick Bergmann, ki ta mete respektivman 2 milyon ak 3 milyon dola.
Selon envestigatè a, fon sa yo te sèvi pou finanse plizyè depans operasyon an, tankou materyèl, transpò, otèl, machin ak mèsenè.













