Aprè yo fin repran kontwòl lokal EDH la ki sou Bisantnè a ayè dimanch 15 novanm nan, militè salvadoryen yo ap pwoche pi prè Vilaj de Dye kote gang 5 Segond lan ap opere. Militè yo fè patwouy nan perimèt sa yo pou yo ka fè konesans avèk zòn nan epi kontinye mete dòmi nan je atoufè ki pa sispann teworize popilasyon an.
N ap raple baz milotè yo se nan estad Sylvio Cator li ye depi semèn pase.













