Rosemila Petit-Frère, ansyen majistra Akayè ant 2016 ak 2020, site nan dènye rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a pou plizyè akizasyon ki gen rapò ak gang ak jesyon fon piblik. Daprè ekspè Nasyonzini yo, anvan fòmasyon kowalisyon Viv Ansanm, Petit-Frère te transmèt nan 3 okazyon enfòmasyon konfidansyèl bay Renel Destina, alyas Ti Lapli, sou operasyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ki te prèt pou fèt.
Rapò a akize l tou dèske li te sèvi kòm yon entèmedyè ant kèk aktè politik, ekonomik ak sektè gang yo. Nan dosye kès asistans sosyal (CAS) rapò a mete non Petit-Frère nan akizasyon sou detounman lajan piblik.













