Premye eleman enfòmasyon yo fè kwè Dj Way t ap jwe nan palè ansanm ak atis Atros. Aprè pwogram nan, pa gen pèsonn ki konn si l monte ak si l desann. Plizyè vèsyon pale de yon zak anlèvman. Se pou sa fanmi jenn gason sa a ak fanatik li yo a mande liberasyon l san kondisyon. Dj Way se li menm ki sòti mizik ki rele “Pa pè” ki trè an vòg sou rezo a.
N ap raple ayèswa, gen pou pi piti 3 moun ki viktim kidnaping nan Pòtoprens.





















