Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, voye yon mesaj bay pèp ayisyen an mèkredi 18 novanm 2026, nan okazyon anivèsè Batay Vètyè a. Nan yon piblikasyon sou kont X li, chèf deta a ekri an kreyòl: Kado mwen pou pèp ayisyen an nan anivèsè Batay Vètyè a, pandan li pataje yon videyo ki gen rapò ak operasyon fòs salvadoryèn yo ann Ayiti. Videyo a parèt nan yon moman kote sòlda salvadoryen yo ap mennen operasyon kont baz gang nan Kanaran, kote Jeff Larose, alyas Gwo Lwa, ap dirije gang Taliban an. Operasyon sa yo vize febli enfliyans gwoup ame a nan zòn nan.
Piblikasyon prezidan salvadoryen an vini nan yon kontèks kote sòlda peyi li deplwaye ann Ayiti pou ranfòse batay kont gang yo, an kolaborasyon ak fòs sekirite ayisyen yo













