Zam ak minisyon ki soti nan estòk Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) kontinye ap antre nan sikilasyon ilegal, daprè rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a. 51 zam ki pote mak PNH te sezi nan peyi Jamayik, nan yon kontèks kote echanj dwòg ak zam se youn nan prensipal sous zam ilegal pou gwoup kriminèl nan peyi a. Rapò ekspè yo montre detounman zam ak minisyon PNH yo fèt atravè plizyè mekanis, tankou vòl, pèt ak vant ilegal. ONU rapòte tou gen polisye ki ta vann zam ak minisyon yo bay aktè nan rezo ilegal yo.
Ekspè Nasyonzini yo fè konnen gen ka kote minisyon ki soti nan stock PNH yo detounen epi revann bay gwoup ame, gwoup oto-defans, konpayi sekirite prive oswa lòt moun k ap chèche zam pou pwoteksyon.













