Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé kite peyi d Ayiti ayè madi 26 dawout 2025 lan nan tèt yon gwo delegasyon pou ale Washington DC. Nan delegasyon sa a, gen Raina Villejoint Forbin ki se chèf kabinè Laurent St-Cyr, konseye premye minis la, Guerly Leriche, Alfred Métellus ki se minis finans, Amos Dorival, Erwin Gaspard, Mario Andresol, Frédéric Leconte, Jacques Desrosier ki se trezorye KEP a epi Victor Bingel.
Poukisa tout moun sa yo nan yon delegasyon? Pa gen okenn eksplikasyon posib sou sa.





















