Yon pil moun desann devan ayewopò a jedi kite 17 jiyè a, pankat nan men yo, mayo ki ekri eslogan tankou “Ayiti pou lapè”, pou yo akeyi premye minis mafya a, Alix Didier Fils-Aimé. Moun sa yo sòti sitou nan sit deplase yo aprè yo fin vide 1000 goud sou yo pou y al chante pou premye minis la, yo di k ap fè bon travay nan peyi a.
Moun sa yo ki te anba di Alix peyi a se pou li, li mèt kale dada l jan l vle. Plizyè bann rara te la pou mete anbyans.
Didier konnen moun yo nan grangou, li lage 1000 goud nan men yo pou yo manje aprè sa pou yo kontinye pran bal nan men Viv Ansanm.




















