Anviwon 230 000 katouch 5.56 mm te detounen nan estòk Polis Nasyonal Dominikèn nan, dapre rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a. Yon pati nan minisyon sa yo ta rive ann Ayiti, kote kalib 5.56 mm nan se youn nan kalib gwoup ame yo itilize. Eapò ONU a fè konnen plis pase 908 000 atik, sitou minisyon, te detounen nan estòk polis dominiken an. Pami yo, gen gwo kantite katouch 9 mm, 7.62 × 39 mm ak 12 gòj. Daprè ekspè Nasyonzini yo, otorite dominikèn yo konfime kèk nan materyèl ki te detounen yo te transfere an Ayiti. Sepandan, rapò a pa etabli kantite egzak minisyon ki te antre sou teritwa ayisyen an, ni li pa bay kantite chajman ki te itilize pou transpòte yo.
Ekspè ONU yo souliye enpòtans kalib 5.56 mm ak 7.62 × 39 mm nan mache ilegal ayisyen an. Yo estime li posib pou yon pati enpòtan nan kèk nan minisyon sa yo te fini ann Ayiti, kote gwoup ame yo gen gwo demann pou kalib sa yo.













