Daprè rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a, 70% nan katouch 7,62 × 51 mm yo te sezi an 2026 nan men gang yo epi ki te analize pa ekspè yo soti nan estòl Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Rapò a site sitou minisyon yo te jwenn nan men gang Jamesley, nan Bèlè, ak Krache Dife, nan Delma 2. Ekspè ONU yo mete aksan sou detounman minisyon ki soti nan estòk PNH la kòm youn nan sous ekipman gang yo.
Daprè rapò a, kèk ajan ta pran minisyon ki pa itilize nan stock yo pou revann ilegalman bay gang, gwoup oto-defans, konpayi sekirite prive ak lòt aktè.













