Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) rann piblik kalandriye elektoral la jounen lendi 27 jiyè 2026 la. Jan sa te anonse a, premye tou eleksyon yo prevwa òganize 13 desanm ane sa a, e dezyèm tou yo pou 21 fevriye 2027. KEP a di se tout kouch nan sosyete a ki dwe mete men pou reyisit eleksyon yo, pandan l mande pou gouvènman an degaje l bay sekirite.
Selon angajman ki pran, si Alix Didier Fils-Aimé pa reyisi òganize eleksyon sa yo, li dwe kite pouvwa a san kondisyon.













