Aprè anpil rimè, James Harden, ansyen jwè Houston Rockets la, deside ale nan Brooklyn Nets. Ekip Brooklyn nan ki te deja genyen Kevin Durant ak Kyrie Irving pou kounya genyen yon Dream Team epi anonse anpil koulè pou Tit NBA k ap vini la.
James Harden pral jwe ak Kevin Durant pou yon 2èm fwa nan karyè li. Mesye sa yo te pase plizyè ane ap jwe nan ekip Oklahoma City Thunder a.
Pou Harden ale nan Brooklyn Nèts, Trade sa fèt ak 4 ekip nan NBA a, ki gen Cleveland ak Indiana.
Rockets yo resevwa Victor Oladipo (Indiana), Dante Exum et Rodions Kurucs (Cleveland), epi gen 4 fiti chwa nan premye wond ak echanj repechaj yo.
Cavaliers yo resevwa: Jarrett Allen et Taurean Prince (Brooklyn).
Nap raple pou kounya, ekip Brooklin Nets lan nan 7èm plas klasman nan konferans Ès la ak 6 viktwa pou 6 defèt.
Jeff Jean Joseph