Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti mete non ansyen depite Alfredo Junior Antoine nan mitan aktè li konsidere kòm prensipal moun ki ta dèyè atak sanglan ki te fèt nan Kenskòf, 27 janvye 2025 la. Daprè rapò ekspè yo, atak sa a te lakòz plis pase 100 moun mouri, pandan plizyè lòt moun te viktim zak vyolans seksyèl, pami yo minè. Rapò ONU a akize ansyen palmantè a dèske li ta gen lyen ak gwoup ame nan Kenskòf depi plizyè ane. Dapre ekspè yo, depi omwen 2016, Antoine ta finanse epi ame kèk gwoup jèn nan zòn nan pou sèvi enterè politik li. Gen nan gwoup sa yo ki ta vin tounen gang oswa ki ta antre nan òganizasyon kriminèl.
Nan kad ankèt yo, ekspè Nasyonzini yo di Antoine te gen kontak ak plizyè chèf gang, sitou nan Kenscoff. Rapò a mete l an relasyon ak Frantz Valmyr, alyas “Didy”, epi li mansyone kontak li ak Vitelhomme Innocent.













