Olmo Alix Fils-Aimé, yon nonm ki prezante tèt li kòm frè Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, fè yon seri deklarasyon chokan nan medya nan peyi Salvador. Nan yon entèvyou li bay nan emisyon Las Cosas Como Son, li akize chèf gouvènman ayisyen an dèske li ta konnen sa ki pase ak 4 teknisyen salvadoryen ki disparèt ann Ayiti aprè yon atak gang ame. Pandan entèvyou a, Olmo Alix Fils-Aimé ale pi lwen toujou lè li deklare Alix Didier Fils-Aimé ta gen koneksyon ak gwoup gang ame k ap opere ann Ayiti. Li menm akize frè li kòm yon lidè gang, pandan li fè konnen li pè pou pwòp lavi li akoz sitiyasyon sa a.
Jiskaprezan, akizasyon Olmo Alix Fils-Aimé yo pa jwenn konfimasyon atravè prèv endepandan ki disponib piblikman.













