Seleksyon nasyonal U-17 la pèdi premye match li devan U-17 fransè yo maten jedi 19 novanm 2026 sa a. Ti Grenadye yo pèdi match la 1-3 devan fransè yo nan gwoup D a. Jwè ayisyen yo ap jwe dezyèm match yo 22 novanm fas ak Irigway pou dezyèm jounen an. Grenn gòl Ayiti a se Macenat Prophète ki enskri l nan 88e minit aprè yon pas Miguel Joseph.
N ap raple Mondyal sa a ap jwe nan peyi Kata.













