Magalie Habitant, Elionor Devallon ak Prophane Victor pral devan tribinal kriminèl san asistans jiri, aprè Lakou d Apèl Pòtoprens pran desizyon sa a madi 21 jiyè 2026, apre plizyè odyans.
Ansyen responsab leta sa yo pral jije nan kad dosye kote lajistis akize yo pou lyen ak gwoup ame.
N ap raple yo te pase plizyè mwa ap konparèt devan Lakou d Apèl la nan menm dosye sa a.













