Byen eskòte devan kou dèyè ak plizyè ajan DEA, Nicolas Maduro ak tout madanm li ki abiye menm jan prezante devan jij maten lendi 5 janvye 2025 lan, 2 jou aprè anlèvman yo nan peyi Venezyela. Se jodi a yo pral prezante chèf Leta a dokiman ki gen chaj kont li yo. Se yon dokiman 25 paj, selon yon sous nan gouvènman federal Ameriken.
Dosye Maduro a kontinye kenbe sèn entènasyonal la jiskaprezan.





















