Yon lòt fwa ankò, gouvènman Alix Didier la kontinye ap blanchi lajan nan Wanament, kote yo lwe yon mezon abitab pou loje Tribinal Premye Enstans Wanament la. Lokal la twouve li Diwo, sou Wout Nasyonal Nimewo 6 la. Se nan menm lokal sa a otorite jidisyè yo fè ouvèti ofisyèl ane jidisyè a. Chwa yon mezon abitab kòm lokal pou yon enstitisyon jidisyè konsa soulve kesyon sou fason fon piblik yo ap jere. Sitwayen yo gen dwa konnen konbyen lokasyon sa a koute Leta, kiyès ki mèt lokal la, ki kondisyon ki nan kontra a, epi sou ki baz espas la te chwazi.
Nan yon moman kote resous piblik yo limite, transparans sou kalite depans sa yo enpòtan anpil. Otorite konsène yo ta dwe bay piblik la detay sou kontra lokasyon an ak depans ki asosye ak lokal la.













