Aprè Fritz Alphonse Jean ki te pase kòm kòdonatè KPT a, kounye a se tou pa Laurent St-Cyr, reprezantan kle sektè prive a ki angaje l pou 7 mwa: 7 out 2025 – 7 fevriye 2026. Misye vini ak prèske menm diskou enkonpetan ki te pase avan l yo pou l di gang yo p ap gen priyorite nan peyi, fòk gen inyon nan mitan aktè politik yo epi li ajoute yon pil lòt koze debachi. Pandan enstalasyon li an, kout bal fè mikalaw nan divès kwen nan zòn metwopolitèn nan.
Gen anpil moun ki te mete mayo ki make Laurent St-Cyr sou yo pou vin rele viv prezidan yo a ki pral chanje lavi yo.




















