Lapolis rantre nan fyèf baz “400 Mawozo”, plizyè prezime bandi jwenn arestasyon yo

haitinewstv.com

Lapolis rantre nan fyèf baz “400 Mawozo”, plizyè prezime bandi jwenn arestasyon yo

Plizyè inite espesyalize nan PNH la, tankou SWAT TEAM, UDMO ak BOID, sou lòd direktè jeneral enstitisyon sila, Léon Charles, mennen yon operasyon nan baz “400 Mawozo”, depi 4è nan maten, jodi dimanch 27 desanm 2020 an, nan objektif pou fè lapè tounen nan Komin Kwadèboukè.

Nan moman operasyon sila, 18 prezime bandi jwenn arestasyon yo, lapolis rive sezi 4 machin baz sa a te vòlè.

Daprè pòt pawòl PNH la, Garry Desrosiers, pa gen okenn moun ki mouri nan 2 kan yo.

N ap raple chèf baz sila, Lanmò 100 jou pa pami moun lapolis rive mete anba kòd yo.

Operasyon sila ap rapousib, nan lide pou fòs lòd yo kapab retabli lapè nan komin Kwadèboukè, ki depi kèk tan, popilasyon komin sila ap monte yon syèl pa do ak bandi nan baz “400 Mawozo.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Anpil gwo chabrak pran nan kouri nan jou kap vini

Patrick Pelissier ki se minis Jistis an Ayiti mande chèf Pakè a ki se mèt Monclair pou l pran tout

Luis Abinader reyini plizyè ansyen prezidan pou diskite sou dosye

Bagay ki poko janm fèt nan peyi d Ayiti, li fèt Sendomeng. Danilo Medina, Leonel Fernandez ak Hipolito Mejia te

3e prezidan pou KPT a, olye gen avans se bak

Fritz Alphonse Jean te pwomèt yon bidjè lagè, sipò BSAP pou Lapolis konbat ensekirite a, mete machin elektoral la an

Gouvènman an ak KPT a pral boule yon lòt lajan

300 a 400 milyon goud, se kantite lajan mesye dam ki di y ap dirije yo anonse yo pral depanse

Yon fanm ayisyèn mouri andan lakay li nan Sendomeng

Lourdia Jean Pierre, 32 lane, mouri vandredi pase a pandan l ap akouche poukont li lakay li. Li te chwazi

Contact Us