Nan yon nòt vokal ki dire 1 minit 50 segond, Lapolis Nasyonal d Ayiti mande moun ki nan kan yo pa pran nan pawòl nèg Viv Ansanm yo ap simaye a. PNH la di tout moun, lè gang yo mande yo retounen an, se vle yo vle sèvi avèk yo tankou boukliye pou anpeche fòs lòd yo fè travay yo. Enstitisyon polisyè a di moun yo si ane pat touye yo, mwa paka touye yo e ajoute lè pou yo retounen, se li menm k ap di yo.
Jiskaprezan, poko gen okenn volonte ki manifeste bò kote swadizan dirijan yo pou ede moun yo retounen lakay yo.





















