Kèk jou aprè depòtasyon li, Hervé Laplante alyas Laplanta retounen al viv nan peyi Kanada avèk fanmi l selon sa l deklare. Laplanta ki gen yon paspò kanadyen deklare nan yon ti bout videyo: “mwen tounen lakay mwen Kanada. Etazini mèsi pou ti tan m te pase avè w yo, mwen gen madanm mwen Kanada, m tounen”.
Etazini te depòte Laplanta paske l te vyole prensip peyi a pou l gen rezidans.





















