Kriminèl ki soti nan Kraze Baryè ak 400 mawozo fè tantativ pou atake 4e seksyon Bèlvi Lamontay maten mèkredi 27 dawout 2025 lan ankò. Gras ak vijilans brigadye yo, gen 2 ki bwè dlo bouch yo nan mache Grefen pandan gen anpil lòt ki blese. Pi ba, nan zòn Metivye, gen 2 lòt kriminèl ki kite po yo tou. Nan mache Grefen, malfra yo boule plizyè kay men erezman pa gen viktim nan kan popilasyon an.
Brigadye yo fè gwo jefò avan menm yon bakòp polisye te vin pote ranfò pou yo.





















