Nan kad yon tchèk pwent li t ap fè ak ekip li nan kafou Dèriso jounen madi 26 dawout 2025 lan, komisè Jean Ernest Muscadin rive sezi plizyè materyèl tankou jilè pabal, katouch plizyè kalib, zam ak lòt materyèl ankò nan yon ti bis. Okenn enfòmasyon poko sòti sou ki kote materyèl sa yo sòti e ki kote yo ta prale. SDPJ te rive sou plas pou fè swit nesesè yo.
N ap raple depi aprè liberasyon planifye li a, Nenel Cassy twouve l nan depatman Nip la.





















