Jounalis Matiado Vilmé, 35 lane, manman 2 pitit mouri lakay paran l nan Doko, komin Petyonvil nan fen jounen dimanch 1e fevriye 2026 la. Depi anviwon 2 zan, Matiado t ap soufri ak yon kansè nan kolon. Malgre li te ale Meksik pou jwenn pi bon trètman, anyen pat vrèman mache. Aprè l retounen nan peyi a semèn sa a, li rann dènye souf li akoz kansè a te rive nan dènye faz li.
Denyè ane sa yo, anpil jèn nan peyi d Ayiti ap soufri ak kansè.





















