Alòske y ap klewonnen eleksyon pou mwa desanm nan, Jacques Desrosiers pa prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a ankò. Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé jwenn yon fòmil e yo ranplase l pa Peterson Pierre-Louis, yon pwòch pouvwa a. Rès manm yo se Jacceus Joseph ki se vis-prezidan, Nemrod Sanon, sekretè jeneral, Schnaida Sanon trezoryè. Nan yon rankont li te genyen ak pati politik yo, Alix Didier Fils-Aimé te di li pa kwè nan komite sa a donk li ranplase l pou l ka kontwole eleksyon yo pi pyen, si ap gen eleksyon vrèman.
Tout traktasyon sa yo pwouve yon lòt fwa, gouvènman ki la a se sou blag li kanpe ak peyi a.













