Ansyen senatè Jean-Charles Moïse, lidè pati Pitit Dessalines, parèt nan dènye rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a, ki mete aksan sou kontrebann ak koripsyon ki make sektè sivèlès (angiy) la. Daprè rapò a, sektè sivèlès la (zangi) an Ayiti gen gwo vag kòripsyon ladan l. Gwoup Ekspè yo fè konnen enfliyans politik jwe yon wòl enpòtan nan fason pèmi ekspòtasyon yo distribye nan Ministè Agrikilti a. Rapò a site Jean-Charles Moïse kòm yon aktè ki gen gwo enfliyans nan sektè sivèlès la. Dapre enfòmasyon Gwoup Ekspè yo resevwa, enfliyans sa a ta rive sou pwosesis ki gen rapò ak pèmi ekspòtasyon yo, ansanm ak kèk ajan ladwann ki responsab kontwòl ekspòtasyon yo.
Gwoup Ekspè ONU a rapòte tou egzistans yon rezo ekspòtatè ilegal ki ta konekte ak yon pi gwo rezo kontrebann nan Karayib la.













