Ijan : DG Léon Charles fè gwo chanjman nan wo kòmandman PNH la

haitinewstv.com

Ijan : DG Léon Charles fè gwo chanjman nan wo kòmandman PNH la

Nouvo direktè Polis nasyonal Dayiti a (PNH), Léon Charles, fè gwo chanjman nan wo kòmandman enstitisyon polisyè a jodi vandredi a, sòti nan pòs Direktè depatmantal Lwès (DDO) pou bout nan Direksyon santral PNH la.

Nan prezans plizyè wo grade, premye minis ayisyen an Joseph Jouthe te prezide enstalasyon sila yo ak tit Prezidan Konsèy siperyè lapolis nasyonal la (CSPN).

Antou 13 wo grade tankou enspektè jeneral, komisè divizyonè ak komisè prensipal afekte nan lòt fonksyon. Frantz Jean François vin ranplase enspektè jeneral an chèf Hervé Julien, enspektè jeneral Carl Henry Boucher nonmen Direktè ransèyman Jeneral yo (DRG) ak kowòdonatè Direksyon Depatmantal yo. Komisè divizyonè Marc Justin pran kòmand Direksyon santral Polis administratif la (DCPA), li ranplase nan pòs sila Berson Soljour, epi Enspektè jeneral Jean Yves Muscadin transfere nan Akademi polis la.

Toujou nan kad enstalasyon yo, Komisè divizyonè Auguste vin nou responsab kominikasyon, epi Ernst Bouquet vin nouvo Komisè Brigad Entèvansyon Motorize (BIM), li ranplase nan pòs sila Jean René Pierre François.
Aktyèl Direktè Depatmantal Lwès la (Jean Alex Pierre Louis) vin asistan nan Direksyon santral polis administratif la epi Cetoute Clenvens pran kontwòl UDMO. Pou fini ansyen komisè polis Petyonvil la, Paul Ménard Jean Louis, vin nouvo Direktè Depatmantal lwès (DDO).

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Yon alye Mikanò anba kòd nan Jeremi

Wensleylove Joseph, yon prezime chèf gang e ki se an menm tan alye Mikanò jwenn arestasyon l nan komin Ansdeno

Fòs lòd yo kontinye toufe teworis yo nan Matisan

Depi 3è nan maten dimanch 22 novanm 2026 la, gen yon operasyon gason pa kanpe nan antre sid kapital la.

Yon lòt lo machin militè blende vin ranfòse twoup salvadoryen

Yon nouvo lo machin militè blennde rive pou ranfòse kapasite operasyonèl twoup salvadoryen ki angaje nan misyon sekirite ann Ayiti

Yon ajan UDMO arete pou enplikasyon prezime nan vòlè kay

Garry Sanon, yon polisye ki fè pati inite UDMO nan Pòdepè, anba kòd nan kad yon dosye ki gen rapò

20 bandi mouri anba bal lapolis nan Matisan 2A

Plis pase 20 bandi ame mouri pandan yon operasyon fòs lòd yo mennen nan Matisan 2A, Vandredi 20 novanm 2026

Contact Us