Ayewopò Antoine Simon Okay resevwa ofisyèlman premye vòl kago li ayè jedi 14 dawout 2025 lan. Vòl kago sa a soti Florid avèk tarif ki kòmanse nan 45 dola sèlman. Nouvo lyezon sa a ofri gran Sid peyi a yon nouvèl pèspektiv ekonomik ak komèsyal.
Anntandan vòl pasaje yo, se yon bèl chimen ki trase pou gran Sid peyi d Ayiti.













