Depi samdi swa, gang Pyè 6 la nan yon gwo goumen ak Chen Mechan epi gwoup gang Jeff Kanaran an. Zòn Kafou Fouji, Vilaj Renesans, kout bal pa sispann chante jiskaprezan sa ki lakoz plizyè fanmi kite kay yo. Gen yon sitwayen ki rele Bebe ki mouri pandan afwontman sa yo.
Anpil fanmi lage nan gwo tèt chaje depi batay sa a kòmanse a.




















