Pandan kanpay kalifikasyon pou Mondyal 2026 la, seleksyon nasyonal la pat gen lajan nan men l pou pèmèt li ta pi byen prepare match yo. Pat gen okenn mobilizasyon finansye ki te fèt bò kote Leta pou ede Grenadye yo avanse. Menm prim pou ankouraje ti mesye yo Ministè Espò pat mete disponib. Jounen jodi a, y ap mache tweet nan tout sans pou pale de kalifikasyon an.
Okontrè Minis Espò a Lynn Octavius detounen plizyè milyon goud pandan peryòd sa a.





















