Gòl entènasyonal ayisyen Wilson Isidor te make pandan Mondyal 2026 la klase an 7ᵉ pozisyon nan klasman ofisyèl 10 pi bèl gòl konpetisyon an. Reyisit sa a mete gòl atakan ayisyen an pami aksyon ki plis make lespri fanatik ak obsèvatè foutbòl atravè mond lan. N ap raple se devan Mawòk Wilson Isidor te make kokennchenn gòl sa a.
Malgre gòl Wilson Isidor a pa rive an tèt lis la, prezans li nan Top 10 mondyal la reprezante yon etap enpòtan pou jwè a ak yon nouvo fyète pou foutbòl ayisyen an.













