Jounalis la mete posiblite a jiska 95% selon kèk sous li genyen nan imigrasyon amerikèn. Valerio St-Louis fè konnen Carel te rive Etazini nan kòmansman lane 2025 lan ak yon viza G2, sa vle di yon viza diplomatik. Non sèlman viza sa a ekspire men li te kontinye ap fè travay pèsonèl li sou li, sa ki pa rekòmande selon lalwa.
N ap raple pou kounye a, animatè a twouve l nan menm prizon ak Boulos epi Dimitri Vorbe.





















