Selon espesyalis nan zafè sante yo, kantite adolesan ki trape maladi Sida, sifilis oubyen blenoraji pa sispann ogmante nan peyi d Ayiti. Sitiyasyon sa a, se kantite kadejak k ap fèt ki lakoz yo avèk monte ensekirite a. Selon espesyalis yo, maladi sa yo transmèt tou nan chanjman k ap fèt nan fason jèn yo ap fè bagay.
Kesyon maladi VIH yo trè repete dènye tan sa yo nan peyi a, e anpil nan viktim yo se adolesan ak jèn.























