Apre Wilner Joseph, se Garry Bodeau ki antre nan seri pwomès politik k ap sikile yo. Ansyen prezidan Chanm Depite a fè konnen si moun Nòdwès vote l, lè l prezidan, l ap enstale palè prezidansyèl la nan Pòdepè. Yon lòt fwa ankò, politisyen yo ap sèvi ak gwo pwomès pou chèche sipò pèp la. Menm pawòl sa yo repete depi plizyè ane, pandan kondisyon lavi popilasyon an ap vin pi difisil.
Pandan pèp la bezwen aksyon konkrè, bon jan sèvis piblik, travay, sekirite ak devlopman. Li pa bezwen politisyen k ap fè gwo deklarasyon pandan kanpay epi kite pwomès yo dèyè lè yo rive sou pouvwa.













