Nan onz sa a sipriz la se gadyen Kapvè a, Vozinha ke FIFA konsidere malgre se Unaï Simon ki fini kòm pi bon gadyen mondyal la. Nan defans lan gen Pedro Porro, Lisandro Martinez, Upamecano ak Cucurella. Milye: Rodri, Olise epi Jude Bellingham. Pou atakan yo se Messi, Haaland ak Kylian Mbappé. Lis sa a sòti jounen mèkredi 22 jiyè 2026 la.
FIFA rele onz sa a “World Dream XI”. Se yon bèl pa pou gadyen Kapvèdyen an ki te jwe yon gwo mondyal.













