Fenomèn kote yo atake bèf epi koupe divès pati nan kò yo kontinye ap fè pale anpil nan depatman Grandans, sitou nan 1è seksyon Ansdiklè, komin Abriko. Yon nouvo ka rapòte lendi 28 septanm 2026 la. Nouvo zak sa a soulve anpil reyaksyon nan mitan popilasyon an, ki deja ap denonse repete zak menm jan an nan zòn nan. Daprè kazèk Francky Jeune, gen deja sispèk nan kad dosye a. Li fè konnen kèk moun ta dwe tande nan Tribinal de Pè Abriko a pou ede otorite yo fè limyè sou sitiyasyon an.
Pou kounye a, idantite moun ki ta dèyè zak yo ansanm ak rezon ki ta motive fenomèn nan poko klè. Popilasyon an mande otorite yo mennen ankèt epi pran mezi pou mete fen nan zak sa yo.













